Accessibility links

Breaking News

PM Ariel Henry: 'Nou Pral Trete yo Tankou Asasen'


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)

Nan yon konferans pou laprès madi 16 novanm lan Premye Minis ayisyen an Ariel Henry pwomèt pou l pran yon pozisyon rèd kont gang yo.

Henry te fè kòmantè sa yo apre gwoup gang G9 la te anonse ke yo leve tanporèman blokaj tèminal yo pou pèmèt distribisyon gazolin lan.

Jimmy "Barbecue" Cherizier lidè gang G9 la mwa pase a te mande demisyon Premye Minis Ariel Henry. Premye minis la reponn ke yo pa pral negosye ak kriminèl.

Kanada semèn pase te retire pèsonèl ki pa esansyèl nan anbasad li ann Ayiti. Etazini semèn sa tou te rekòmande pou sitwayen li yo pati kite peyi a.

Henry mwa pase a te di ke gouvènman an te òganize eskòt lapolis pou asire sekirite kamyon kap fe livrezon gaz.

XS
SM
MD
LG