Accessibility links

Breaking News

Mizisyen Senbolik Ameriken Aretha Franklin Mouri. Li te Gen 76 Zan


Aretha Franklin . Foto: Washington, 30 avril 2016.(AP/ Susan Walsh)
Aretha Franklin . Foto: Washington, 30 avril 2016.(AP/ Susan Walsh)

Mizik icon Aretha Franklin, milyon moun atravè mond lan konsidere kòm larennmizik Soul mouri; li te gen 76 zan. Chantè Ameriken an - ki te malad pou yon ti tan - konsidere kòm youn nan pi gwo atis mizik nan peyi a.

Li vann plizyè milyon albòm, Madam Frankin resevwa anpil onè ak prim - ki gen ladan 18 Grammys - plizyè jenerasyon fanatik, atis ak selebrite, moun nan le mond antye renmen atis Aretha Franken.

Lavwadlamerik ap vin ak yon espeisyal sou lavi gran atis la, avan lontan.

XS
SM
MD
LG