Yon jèn gason 26 zan Ozetazini jwen arestasyon ni nan vil Boston nan Eta Massachussetts , nan nòdès peyi a sou akizasyon dèske li t ap fè konplo pou detwi Pentagon nan ak Kongrè ameriken an avèk yon gwo avyon kontwòl a distans chaje ak eksplozif an plastik.
Depatman Jistis Etazini fè konnen, Rezwan Ferdaus, se yon sitwayen ameriken yo akize l tou dèske li te eseye bay yon òganizasyon teroris etranje sipò materyèl ak resous, espesyalman al-Qaida pou l te atake sòlda ameriken aletranje yo.
Ferdaus te jwen arestasyon ni apre yon operasyon sekrè.