Pèlren mizilman patisipe nan yon rityèl kote yo kalonnen 3 kolòn, 3 gwo poto ak kout-wòch, nan vil Mina, nan peyi Arabi Sawoudit; sa fèt madi 16 novanm 2010 la pandan yo rive sou 3èm jou pèlerinaj ki rele Hajj la e ki dewoule yon fwa pa ane.
Mizilman yo -ki abiye tou de blan- pase nuit la nan Vale Mouz da lifa a, kote yo te ranmase wòch pou yo t al vide galèt sou dyab la. Sa senbolize desizyon yo pran pou yo renonse a Satan nèt-nèt.