Yon gwoup dwazimen egzòte peyi Dayiti jije ansyen diktatè Jean-Claude Duvalier “avèk tout rigè lalwa”--- e li di “yon pwosè konsa se t ap yon okazyon pou Ayiti fè listwa”.
Human Rights Watch —yon òganizayon imanitè ki gen katye jeneral Ozetazini, pibliye yon rapò 47 paj, kote li mande Ayiti jije misye Duvalier pou sa li kalifye kòm “vyolasyon dwazimen grav” ansyen chèf Deta a ta komèt.
Gwoup Dwazimen an akize ansyen prezidan avi Ayiti a dèske li te “pase dwazimen anba pye, maspinen e asasinen plizyè milye moun”. Human Rights Watch akize tou misye Duvalier dèske li vòlè plizyè milyon dola nan trezò piblik peyi a.
Jean-Claude Duvalier te dirije Ayiti sòt 1971 pou rive 1986, ane li te pèdi pouvwa a apre yon rebelyon popilè.
Misye Duvalier te retounen sanzatann nan peyi a nan mwa janvye 2011 la apre yon egzil 25 kan nan peyi Lafrans. Lajistis deja akize li pou koripsyon, detounman fon ak abi pouvwa.
Oganizasyon Human Rights Watch di dapre lalwa Ayisyèn, misye Duvalier ka pase devan lajistis tou pou konplisite nan tout krim moun ki te sou zòd li e ki t ap sèvi l yo te komèt nan peyi a.
Mwa pase, sekretè-jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-Moon te lanse apèl bay dirijan ayisyen yo pou yo pouswiv tout chimen legal e jidisyè nan dosye Duvalier a.
Sou dosye sa a, Ansyen pòtpawòl sekretè jeneral L'ONU an, jounalis Michèle Monthas, bay nan Pòtoprens yon konferans pou laprès nan tèt kole ak Human Right Watch pou li mande jijman ansyen diktatè Jean-Claude Duvalier.