Accessibility links

Breaking News

Apèl Pou Dyalòg Nan Rechèch Solisyon Pou Kriz Elektoral la Ann Ayiti


Ann Ayiti, yon palmantè ki pwòch pati ki sou pouvwa a mande Prezidan René Préval pran kontak ak opozisyon an e ak manm sosyete sivil la sou nesesite pou ta gen yon pase-men nan Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Senatè Jean Hector Anacasis ki se prezidan Komisyon Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon, fè konnen li pa twò ta pou gouvènman an rezoud mezantant ki egzizte ant Egzekitif la ak lidè opozisyon an e dirijan sosyete sivil la, konsènan fòmasyon Konsèy Elektoral la an patikilye, e pwosesis elektoral la an jeneral. Korespondan nou Renan Toussaint devlope nouvèl sa a pou n komanse virewon nap fè nan Pòtoprens ak lòt vil peyi a.

Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj sa ak lòt nouvèl sou peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG