Accessibility links

Breaking News

Apèl L'ONU pou 164 Milyon Dola pou Konbat Kolera ann Ayiti


Nasyonzini lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la pou l ka ranmase 164 milyon dola pou konbat epidemi kolera (yon maladi mòtèl) ki eklate nan peyi Dayiti. Pòtpawòl Biwo l’ONU nan vil Jenèv, an Swis, ki okipe kesyon imanitè, pale poul di: “Tout efò nou kapab depase rapidman devan epidemi sa a si biwo a pa resevwa don.”

Epidemi kolera a deja touye 724 moun depi li te parèt ann Ayiti mwa pase a, e plis pase 11 mil moun ale lopital avèk maladi a. Otorite lasante yo konfime yon ka lanmò pou pi piti nan Pòtoprens, kapital la, e yo idantifye 175 moun ki trape bakteri ki bay kolera a nan vil la ak zòn ki antoure l yo. Biwo l’ONU ki okipe afè imanitè a fè konnen moun poko konnen egzateman ki kantite ka kolera ki egziste ann Ayiti.

Travayè lasante yo pè pou epidemi an pa gaye nan yon Pòtoprens ki chaje ak moun, kòm yon vil kote plizyè santèn de milye moun ap viv anba tant, nan kan pou moun deplase depi tranblemanntè ki te frape peyi a nan mwa janvye 2010 la.

XS
SM
MD
LG