Accessibility links

Breaking News

Apèl Depite Guy Gérard Georges pou Prezidans la Pran Kontak ak Lidè Palman an sou Chwa yon Premye Minis


Yon manm palman ayisyen an, Depite Guy Gérard Georges, mande pouvwa ekzekitif la kontinye konsiltasyon yo ak prezidan 2 chanm yo sou chwa yon nouvo chèf gouvènman.

Palmantè a di li lè pou peyi Dayiti genyen yon nouvo gouvènman. Li pale pou l di li enperatif pou chèf leta a antame yon pwosesis dyalòg ak lidè gwoup majoritè ak minoritè yo, yon fason pou premye minis l ap deziye a kapab pase san pwoblèm. Palmantè a fini pa deklare peyi a gen nesesite pou l genyen yon gouvènman ki responsab.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande korespondan nou Renan Toussaint ki devlope nouvèl sa a.

XS
SM
MD
LG