Nouvo responsab anviwonman nan vil Gonayiv di li pral travay ak kominote entènasyonal la pou pwoteje anviwonman an.
Yon lòt kote, kandida a la prezidans pou kowalisyon INYON, Pastè Chavannes Jeune, mennen kanpay madi 21 septanm nan nan Wo Plato Santral la.
Sou Il La Gonav, militan lokal k ap defann dwa sivik yo, lanse apèl bay gouvènman an pou li fè yon jan pou eleksyon jeneral 28 novanm yo dewoule yon fason lib, onèt e demokratik. Menm militan sa yo ensiste pou di ta dwe gen gwo chanjman nan mitan manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a.
Nan vil Okay sant multi-media patwone yon defile nan jounen 21 septanm 2010 la pou make Jounen Entènasyonal Lapè a. Nan okazyon an, plizyè jèn defile pou yo mande ranfòse efò k ap fèt pou tabli lapè nan lemond.Mouvaman sa t egen apui MINUSTAH.
Se kèk nan nouvèl korespondan nou yo atravè Ayiti devlope nan yon rezime aktyalite a nan peyi a.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute repòtaj VOA kreyòl pou jounen 22 septanm 2010 la.