Accessibility links

Breaking News

Anviwon 50 Depite ta Dispoze Apiye Nominasyon Premye Minis Deziye a, Bernard Gousse


Premye minis deziye a Bernard Gousse (foto achiv )
Premye minis deziye a Bernard Gousse (foto achiv )

Plis pase 50 depite ayisyen mete yo dakò pou yo apiye pwojè Prezidan Joseph Michel Martelly ak posibilite pou yo vote an favè Premye Minis pwopoze a, Bernard Gousse, si Sena a apwouve nominasyon an.

Pwoblèm ki toujou poze, sè ke yon gwoup 16 senatè sou 30 (kidonk, plis pase mwatye manm gran kò a) te siyen yon petisyon kote yo te di yo pral vote kont ratifikasyon misye Gousse.

Depite yo fè anons yo a nan moman kò diplomatik la kontinye fè konnen li krenn pou absans yon chèf gouvènman pa genyen move konsekans sou envestisman etranje nan peyi a.

XS
SM
MD
LG