Antrenè Fabio Capello sanble mete yon fen nan karyè David Beckham nan seleksyon an apre li fè konen David gen twòp laj pou seleksyon an. Angletè kòmanse reprann konfyans gras ak yon viktwa 2 a 1 seleksyon an ranpòte devan Ongri. Steven Gerrard make 2 gòl yo.
Si sitiyasyon an te bon pou Angletè se pat menm bagay pou la Frans ki pèdi 2 a 1 devan la Nòvèj. La Oland bite lakay Ukrèn ak yon nil 1 a 1 menmjan ak Almay ki fè yon fo pa lakay Danmak ak yon nil 2 a 2. Ajantin sove la fas ak yon viktwa tou mens devan Irland 1 a 0.
Espay konsole l ak yon match nil fas a Meksik 1 a 1. San bliye Kameroun danse sou la Polòy 3 a 0. Afrik di Sid ranpòte yon vitkwa tou mens 1 a 0 devan Gana. La Swèd van-nen Ekòs 3 a 0. La Risi sove la fas ak yon viktwa 1 a 0 kont Bulgari.
Jamayik bay Trinidad and Tobago 3 a 1 nan kad yon amikal ki jwe ant 2 belijeran foutbòl nan Karayib la. Paragwe kale Kosta Rika 2 a 0 epi Bolovi fè match nil 1 a 1 ak Kolonbi. Sa a se te reziltan kèk pami rankont ki jwe mèkredi 11 out la.
FIFA anonse ouvèti yon ankèt sou nouvèl ki ta fè konnen otorite Nò Koreyen yo te pini epi imilye jwè ak antrenè seleksyon an apre yo te sibi 3 defèt pandan koup di mond la.
«Lig Nasyonal Baskètball Ameriken an pibliye kalandriye sezon 2010-2011 la k ap kòmanse 26 oktòb ak 3 rankont—Miami Heat kont Boston Celtics, Phoenix Suns kont Portland Trail Blazers epi Houston Rockets kont Los Anjeles Lakers. Phil Jackson ap retounen pou yon lòt ane nan tèt ekip Los Anjeles Lakers la»