Accessibility links

Breaking News

Antrenè Football Lejandè Ameriken John Madden Mouri


Foto Achiv: Ansyen antrene ekip Oakland Raiders la John Madden, nan Canton, Ohio, 5 Out 2006.
Foto Achiv: Ansyen antrene ekip Oakland Raiders la John Madden, nan Canton, Ohio, 5 Out 2006.

Antrenè John Madden, ki gen non ni nan Mize Hall of Fame NFL la (Lig Nasyonal Futbòl Zepòl Kare Ameriken an) mouri a laj de 85 an.

Apre yon karyè kote li te jwenn anpil siksè kòm antrenè nan lig pwofesyonèl football la, Madden te gen siksè kòm kronikè spòtif.

Fason li te dekri match yo, ak eksplikasyon senp motivasyon jwè ak antrenè yo te emèveye dè milyon telespektatè pandan 30 an.

Lig la di Madden mouri sanzatann Madi maten, men yo pa bay koz lanmò a.

Madden te jere ekip rebèl Oakland Raiders la kote yo te ranpòte 103 match pandan sezon regilyè a. Ekip li a te genyen Super Bowl la - chanpyona foutbòl zepòl kare a an 1976.

Misye te gen plis enpak toujou apre li te sispann travay kòm antrenè a laj de 42 zan, pou'l travay kòm kronikè spòtif. Sa te bay plizyè milyon fanatik NFL anpil kè kontan.

Li gen non li tou sou yon jwèt videyo ki popilè a mò Ozetazini ki rele "Madden NFL Football."

XS
SM
MD
LG