Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Dènye Minit sou Dewoulman Antèman George Floyd


6 mesye te pouse sèkèy George Floyd pou antre avèk li nan legliz la.
6 mesye te pouse sèkèy George Floyd pou antre avèk li nan legliz la.

Manm fanmi an ak zanmi te kòmanse rive nan Legliz Fontèn d Adorasyon anvan sèvis la te tanmen e yo te defile dèyè sèkèy la ki te dekore an koulè dore, pandan yo t ap antre avek kò a nan legliz la alòske laprès te prezan pou obsève tout bagay. Sis (6) nèg, ki te abiye ak kostim nwa, te woule sèkèy Misye Floyd la pou antre avèk li nan legliz la pandan yon liyn ajan-polis te kanpe tou pre a, ap suiv evennman an avèk atansyon.

Apre antèman an, lapolis vil Houston pral akonpaye pwosesyon an ki gen pou deplase ale nan yon ti vil ki rele Pearland kote yo pral antere George Foyd bò kote tonbo manman l.

Biwo mèri a nan Houston te klere nan nuit lendi 8 jen an avèk limyè ki te gen koulè kramwazi (wouj) ak dore, swa koulè lise defen an te frekante a, kòm yon selebrasyon lavi li. Kèk lòt vil te pote-kole nan mouvman sa a kote koulè kramwazi ak dore t ap briye tout nannuit la nan lokal lakomin vil tankou Los Angeles, Boston, Oakland, Las Vegas, New York ak plizyè lòt ankò.

XS
SM
MD
LG