Premyè dam Lèzetazini an, Michelle Obama, ak ansyen prezidan ameriken George W. Bush, twouve yo pami moun ki pral asiste madi 12 jiyè 2011 la seremoni antèman ansyen premyè dam Betty Ford.
Madam Ford te rann dènye soupi li vandredi 8 jiyè pase a nan Eta Kalifòni; li te gen 93 zan.
Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton -ki se yon ansyèn premyè dam tou li menm- va asiste sèvis finèb la avek mari li, ansyen Prezidan Bill Clinton.
2 lòt ansyèn premyè dam, Rosalyn Carter ak Nancy Reagan, gen plan pou yo reponn prezan tou nan seremoni an. Sèvis finèb Madan Ford la ap fèt nan yon legliz nan vil Palm Desert, nan Kalifòni.
Apre seremoni an, yo prale ak kadav la nan Eta Michigan pou yon ekspozisyon piblik; ansuit yo pral antere Madam Ford bò kote mari li, ansyen Prezidan Gerald Ford ki te mouri nan lane 2006.