Accessibility links

Breaking News

Antant ant Lidè G-20 yo Nan Somè Sewoul la


Antant ant Lidè G-20 yo Nan Somè Sewoul la
Antant ant Lidè G-20 yo Nan Somè Sewoul la

Prezidan ameriken, Barack Obama, fè konnen lidè gwoup G-20 an (swa 20 pi gwo ekonomi nan lemond yo, ki te reyini jedi 11 novanm 2010 la nan Sewoul nan peyi Kore di Sid), rive antann yo pou yo kontinye pouse pou pi devan ak yon plan ki va debouche sou yon kwasans ekonomik ekilibre e dirab, menmsi gen plus travay ki rete pou fèt pou rezoud mezantant ki egziste sou kesyon komès ak pwoblèm ki poze toujou akoz lajan kèk nan peyi yo.

Misye Obama, ki t ap reyaji aprè laprès te fè repòtaj ki lonje dwèt sou kèk gwo pwoblèm patisipan yo ta rankontre nan somè- a, fè konnen ke, an reyalite, lidè G-20 yo jwenn mwayen reyalize gwo pwogrè nan Sewoul.

"Kèk fwa mwen panse nou toujou gen dispozisyon pou n santre atansyon nou sou dezakò nou yo, paske , san sa, somè a pa tap enteresan. Petèt moun di: se yon bann ak yon pakèt lidè mondyal ki chita ansanm; alòs, li bon pou n chache wè pwoblèm ki egziste antre yo. Sa k remakab, sè ke, nan chak somè konsa, nou rive reyalize pwogrè reyèl."

XS
SM
MD
LG