Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Carter ap Vizite La Avàn


REUTERS/Desmond Boylan (CUBA - Tags: POLITICS RELIGION)
REUTERS/Desmond Boylan (CUBA - Tags: POLITICS RELIGION)

Nan Kuba , ansyen prezidan ameriken Jimmy Carter gen pou l rankontre madi 29 mas 2011 la prezidan kiben an, Raul Castro, nan sa Fondasyon Carter a rele yon misyon “prive” ki pa genyen anyen pou wè ak gouvènman ameriken an.

Mesye Carter ak madanm ni Rosalynn kòmanse vizit 3 jou sa a lendi 28 mas 2011 la nan Kuba pou diskite sou mwayen pou amelyore relasyon ant Washington ak La Avàn.

Fondasyon nan, Sant Carter a, presize se gouvènman Kiben an ki envite Mesye Carter nan Kuba.

Vizit sa a vini apre antreprenè ameriken Alan Gross kòmanse sibi yon santans 15 zan prizon lajistis kibèn te deside kont li sa pa gen lontan.

Responsab La Avàn yo kondane Alan Gross ke yo te arete an 2009 poutèt li ta swa dizan fè ekipman kominikasyon antre ilegalman nan peyi a .

XS
SM
MD
LG