Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Aristide Retounen ann Ayiti


Ansyen Prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide nan Pòtoprens vandredi 18 mas 2011 la
Ansyen Prezidan ayisyen Jean-Bertrand Aristide nan Pòtoprens vandredi 18 mas 2011 la

Ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide retounen nan peyi li vandredi 18 mas 2011 la aprè 7 ane ann egzil nana Afrik di Sid.

Mesye Aristide deklare retounen li rretounen an se akonplisman rèv ayisyen yo pou demokrasi. Pandan li t ap soti ann egzil nan Afrik di Sid, Mesye Aristide di yon pwogram nouvèl endepandan (Democracy Now) ayisyen yo kontan anpil dèske li retounen e l pataje bonè yo.

Ansyen lidè a ki te eli demokratikman 2 fwa anvan l te kouri kite peyi a anba yon mouvman rebelyon ame nan ane 2004, rete popilè anpil nan mitan mass moun pòv Ayiti yo.

Li deklare, li pral travay nan domèn edikasyon pou amelyore lavi yo. Lè patizan Mesye Aristide yo aprann k lap reounen ann Ayiti, yo te kòmanse ap selebre e y ap klaksonen machin atravè kapital la, Pòtoprens.

Prezidan ameriken an Barack Obama, te eseye fè mesye Aristide tann jouk apre dewoulman eleksyon dimanch 20 mas la anvan l retounen Ayiti, e li te telefone nan semèn nan Prezidan Afrik di Sid la, Jacob Zuma, pou li di li ke l gen kè sote pou rantre Mesye Aristide nan peyi an pa vinn deraye vòt la. Men Pretorya te reponn Washington Mr. Aristide gen yon paspò ayisyen e li paka kenbe l kòm otaj.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande deklarasyon Ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide.

XS
SM
MD
LG