Accessibility links

Breaking News

Depozisyon Ansyen Direktè FBI la, James Comey, Devan Komisyon Entèlijans Sena Ameriken an


Ansyen direktè FBI la, James Comey, nan moman li tap reponn kesyon Komisyon Entèlijans Sena a nan Capitol Hill, 8 jen 2017,nan Washington.
Ansyen direktè FBI la, James Comey, nan moman li tap reponn kesyon Komisyon Entèlijans Sena a nan Capitol Hill, 8 jen 2017,nan Washington.

Atansyon obsèvatè politik yo te konsantre nan kòmansman jounen jedi 8 jen 2017 la, sou depozisyon ansyen direktè FBI la James Comey tap fè devan komisyon entèlijans Sena ameriken an. Anpil kesyon tap poze sou enpak depozisyon sa a kapab genyen sou ankèt kap mennen kòm kwa Larisi ta chache enfliyanse rezilta eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la Ozetazini.

Se nan yon sal chaje ak moun, jounalis e latriye, ansyen direktè FBI la, James Comey, fè depozisyon devan Komisyon Entèlijans Sena a sou rezon ki dèyè desizyon Prezidan Donald Trump te pran pou revoke l nan moman FBI t ap ankete si ou non Larisi te jwe yon wòl nan rezilta eleksyon prezidansyèl la.

Nan deklarasyon ansyen direktè FBI a te voye bay Sena a avan li te vin temwaye an pèsòn, li pale de yon dine li te genyen ak Prezidan Trump kote chèf leta a te mande l pou l pran angajaman pou l fidèl ak li san bliye presyon lokatè Mezon Blanch la t ap mete sou li pou l afime piblikman ke ajans l ap dirije a pa tap mennen ankèt sou li.

Nan Depozisyon ansyen direktè FBI la Dvan Sena a, li te pote yon presizyon kote li di deklarasyon administrasyon an te fè pou jistifye revokasyon li an te kreye plis konfizyon olye pou l te jistifye rezon an. Mesye Comey repete plizyè fwa pou l di administrasyon Trump la fè manti sou li a ak sou ajans FBI la.

Sepandan, tousuit apre depozisyon James Comey a, Lamezon Blanch soti yon deklarasyon pou di: "Prezidan Trump pat janm fè manti sou Mesye Comey ak sou ajans FBI la, e ke premye sitwayen ameriken pa yon mantè."

XS
SM
MD
LG