Nan peyi Panama, lapolis fè konnen ansyen diktatè Manuel Noriega etène lopital akoz tansyon misye ki monte e li posib pou l ta sibi yon atak serebro-vaskilè.
Daprè deklarasyon la polis fè dimanch 5 fevriye 2012 la, otorite yo wete msye Noriega nan sèlil li, nan prizon El Renacer, pou yo mennen n nan lopital Santo Tomas nan kapital la, vil Panama.
Msye Noriega, ki gen 77 tan, te retounen nan peyi li nan mwa desanm ane pase apre plis pase 20 tan nan prizon Ozetazuni ak nan peyi Lafrans.
O Panama ansyen lidè kanson fè a ap fè fas a 3 santans separe poutèt li te swadizan touye kèk advèsè politik ---pami yo genyen Hugo Spa-da-fora ki te mouri ansasinen nan ane 1985 ; se koupe yo te koupe tèt li.