Accessibility links

Breaking News

Ansyen Chou-Chou Silicon Valley Elizabeth Holmes Defann Tèt li Devan Tribinal


Foto Achiv: Elizabeth Holmes, fondatris ak pdg Theranos, rive nan tribinal federal vil San Jose, eta Kalifoni, 31 Out, 2021.
Foto Achiv: Elizabeth Holmes, fondatris ak pdg Theranos, rive nan tribinal federal vil San Jose, eta Kalifoni, 31 Out, 2021.

Ansyen chou-chou Silicon Valley a, Elizabeth Holmes, ke la jistis akize dèske li te desevwa entestisè ak pasyan ki te enterese nan startup li a Theranos ak aparèy medikal li a, te defann tèt li devan tribinal sanzatann vandredi. Madan Holmes te fè moun kwè aparèy li a ak startup li a tapral chanje konpletman sistèm swen sante a. La jistis akize'l de fwod, ki se yon krim Ozetazuni.

Desizyon pou Holmes temwaye nan pwosè li bonè nan pwosesis la fè tout moun sezi e li pote avè'l anpil risk.

Elizabeth Holmes kite Tribinal Federal Etazini an, Vandredi 19 Nov. 2021.
Elizabeth Holmes kite Tribinal Federal Etazini an, Vandredi 19 Nov. 2021.


Avoka gouvènman federal yo, ki te finn prezante ka pa yo bonè Vandredi, deklare yo paka tann pou yo poze Holmes kestyon devan tribinal la kote li oblije sèmante devan tout moun lap di verite.

Pandan plis pase 2 mwa, avoka akizasyon yo te rele 29 temwen pou konparèt devan tribinal la epi yo prezante yon pakèt dokiman entèn pou pwouve ka li.

XS
SM
MD
LG