Accessibility links

Breaking News

Plis Anplwaye Anbasad Amerikèn nan Kiba Deklare Tèt yo Viktim Yon Atak Medikal...


Lokal anbasad Lèzetazini an nan La Avàn, Kiba.
Lokal anbasad Lèzetazini an nan La Avàn, Kiba.

Youn nan anplwaye anbasad Lèzetazini nan La Avàn, Kiba, ap sibi konsekans yon maladi ki rete yon mistè, daprè nouvèl Depatmen Deta fè parèt. Pòtpawòl depatman an, Heather Nauert, fè konnen otorite medikal yo konfime ke yon 2èm anplwaye sou 2 yo te fè rantre sòt Kiba sa pa gen lontan, "ap soufri ak menm sentòm yo te idantifye sou lòt anplwaye ki t ap travay nan misyon diplomatik ameriken an nan La Avàn."

Sa gen yon semèn, espsyalis yo te jwenn premye anplwaye yo te fè kite Kiba a, t ap soufri ak menm sentòm yo jwenn sou 2èm nan. Dènye ka sa a fè kantite anplwaye ameriken ki viktim menm kalite maladi a, monte rive 26. Lèzetazini te deja di ensidan ki rive Kiba yo te kòmanse nan fen lane 2016 la. Depatman Deta dkonser ensdan sa yo kòm "atak byen presi", men li pa di kisa ki koze fenomèn nan, ni kiyès ki ta responsab. Kiba reponn pou l di li pa responsab sa k rive a ni li pa konnen anyen nan sa nan plis.

Sa pa gen lontan, anplwaye anbasad Lèzetazini nan vil Guangzhou, nan peyi Lachin, repòte yo sibi konsekans menm kalite sentòm yo. Sekretè Deta MiekPompeo fè konnen li konsidere sa k appase a kòm "yon ensidan medikal trè grav."

XS
SM
MD
LG