Accessibility links

Breaking News

Anpil Pwogrè Fèt Pou Ede 33 Travayè Minn Chilyen yo


O Chili, otorite yo fè konnen youn nan gwo aparèy yo itilize pou yo pèse twou pou rive sove 33 travayè minn ki bloke anba tè a, eh ben, travay sa a rive nan mwatye wout.

Madi 28 septanm 2010 la, se avèk anpil la kontantman fanmi mesye yo ki ap fè vèy depi minè yo te bloke anba tè a nan dat 5 out pase te resevwa nouvèl pwogrè rapid sa a.

Premye nan 3 kapsil sekou ki pral rale minè yo soti youn pa youn anba tè a, rive sou plas. Otorite chilyen yo di malgre rit pwogrè yo prale a, ogmante, kounye a y ap rete sou prediksyon yo te fè pou yo retire mesye yo anba tè a nan komansman mwa novanm.

Sepandan yo gen espwa ke yo pral gen tout ekipman ki nesesé yo pare disi mitan mwa oktòb k ap vini an.

XS
SM
MD
LG