LAGOS, NIGERIA —
Odinatè nou sèvi jodia, gen kapasite emèveyan e presi pou tradwi lang pale an tèks mesaj. Pou fè sa lojisyèl la fouye yon pakèt done ki reponn kestyon konplèks. Men se yon bagay ki posib sèlman si ou pale Angle oubyen youn nan prensipal lang mond lan.
Men eseye pale ak telefon ou an Yoruba, Igbo oubyen plizyè lòt lang yo pale ann Afrik, epi wap jwenn kèk pwoblèm ki ka anpeche'w gen aksè ak enfomasyon ak benefis ekonomi tèk global la.
Gwo konpayi teknoloji yo pa vreman jwenn siksè ak jefò pou fè teknoloji lang etranje ki mache byen nan peyi ki pi rich yo mache osi byen nan peyi sou devlope yo. Konsekans yo ka bay tèt chaje. Men gen kèk chèchè Afriken kap eseye solisyone pwoblèm sa a.
Facebook Forum