Isit Ozetazini, kominote ki sou kòt ki bay sou Gòlf Meksik la genyen pou make, mèkredi 20 avril 2011 la, premye anivèsè yon eksplozyon ki te fèt nan yon enstalasyon petwòl ki nan Gòlf la, avèk kèk rankont kote yo pral santre atansyon yo sou yon kanpay pou pwoteje anviwonnman an.
Le 20 avril 2010, yon eksplozyon te fèt nan yon enstalasyon petwòl konpayi Deepwater Horizon nan kote 11 moun te mouri; eksplozyon sa a te vin pwovoke pi gwo devèsman petwòl nan tout istwa Lèzetazini.
Pui petwòl la (ki te konstrui anba lanmè a) te pase 85 jou ap lage gaz nan dlo a, anvan yo te vin bouche fuit la nan mwa jiyè 2010 la (sètadi li te pase 3 mwa ap lage petwòl nan Gòlf la).
Moun k ap viv nan rejyon an fè konnen sab avèk tè sou kòf la toujou melanje ak gaz e yo kontinye degaje sant petwòl.
Dapre espesyalis yo, menm si dega yo sanble pa osi grav ke sa yo te prevwa, li kapab pran plizyè ane ankò anvan pou yo kapab evalye vrè dimansyon pwoblèm sa poze pou anviwonnman an.