Plizyè milye moun pran lari vil Tokyo jedi 23 desanm 2010 la pou yo prezante pi bon swè yo bay anperè japonè a Akihito ki gen 77 tan jodiya.
Anperè a te parèt sou yon balkon pou salye foul sa a ki tap ajite drapo e eksprime kè sote yo devan kriz ekonomik la e swete ke ane 2011 la pi bon.
Sekretè Deta ameriken an Hillary Clinton voye yon mesaj-swè bay enperè kote l swete l yon Jwaye-zanivèsè avèk pè e pwosperite pou tout pèp japonè a pou nouvèl ane a .