Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Etazini an Konsidere Dosye Prezidan Martelly a se yon Dosye "Fèmen"


Anbasadè ameriken an an Ayiti, Kenneth Merten
Anbasadè ameriken an an Ayiti, Kenneth Merten

Gwo pwen nan aktialite a nan peyi Dayiti se gwo reyinyon ki fèt jedi 8 mas la nan Palè Nasyonal kote, an presans anbasadè ameriken an an Ayiti , Kenneth Merten, ak lòt pèsonalite nasyonal e entènasyonal, Prezidan ayisyen an, Michel Martelly, prezante dokiman vwayaj li ki se 8 paspò.

Klike sou lyen ki pa anba a pou w koute deklarasyon Prezidan Martelly a.

Bò kote pal , anbasadè ameriken an ki te pran la pawòl nan okazyon pou konfime ke prezidan Martelly pa ameriken , fè konnen avèk klarifikasyon sa yo , li kwè dosye sou nasyonalite chèf leta a fèmen . Rotchild Franois Jr gen plis detay depi Pòtoprens.

Klike sou lyen ki pa anba a pou w koute repòtaj Rotchild Francois Jr.

XS
SM
MD
LG