Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Brezilyen Igor Kipman Pale de Wòl MINUSTAH


Twoup MINUSTAH yo k ap bay dlo ann Ayiti aprè tranblemanntè 12 janvye a (foto achiv)
Twoup MINUSTAH yo k ap bay dlo ann Ayiti aprè tranblemanntè 12 janvye a (foto achiv)

Nouvo reprezantan Sekretè Jeneral l’ONU an ann Ayiti, diplomat chilyen Mario Fernandez Amunategui, ap rankontre ak otorite ayisyèn yo e ak kò diplomatik la mèkredi 22 jen 2011 la.

Nan moman misye Fernandez Amunategui ap pare l pou pran tèt MINUSTAH (Misyon Nasyon Zini pou Estabilizasyon Ayiti a), Anbasadè Brezilyen an nan Pòtoprens, Igor Kipman, di Lavwadlamerik Brezil ak Kolonbi pral kontinye ensiste bò kote konsèy sekirite L'ONU pou yon pase-men fèt nan manda misyon sa a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande yon entèvyou anbasadè Kipman bay Jean Pierre Leroy.

XS
SM
MD
LG