Analis ekonomik yo kontinye reyaji sou desizyon konpayi Standards & Poor pran pou l bese nivo merit kredi peyi Etazini nan monan yon kriz menase ekonomi mondyal la. Opinyon yo diferan.
Daprè analis ekonomik Roosevelt Jean-Francois pale pou l di ekonomi a va reprann li a lon tèm. Nan sa ki konsène bidjè peyi a, analis la di depans Etazini plis ke sa l ap rantre, men peyi a pa gen pwoblèm paske li gen kapasite pou l peye dèt li.
Sou sa ki gen rapò ak enpak sitiyasyon ekonomi mondyal la, mesye Jean-Francois pale pou l di si Etazini ta rive yon resesyon, sa pral afekte tout rès peyi nan mond lan.
Klike sou flèch ki anlè atik la pou w tande entèvyou Jean-Pierre Leroy avèk analis Roosevelt Jean-Francois k ap ede nou pi byen konprann konsekans kriz sa a pou Lèzetazini an patikilye e pou rès mond la an jeneral.