Accessibility links

Breaking News

Amiral Mullen Nan Kore di Sid


Kòmandan Haut Eta Majò Lame amerikèn nan, Amiral Mike Mullen, fé konnen Lèzetazini ak Kore di Sid pral kontinye fè yon seri de ekzèsis militè ansanm kòm yon repons pou atak Kore di Nò te lanse mwa pase a sou yon zile nan Kore di Sid kote 4 moun te pèdi lavi yo (2 sòlda ak 2 sivil).

Amiral Mullen ensiste sou angajman Washington pran pou l defann Kore di Sid, aprè li te fin fè chita-tande ak otorite sid koreyen yo nan vil Sewoul mèkredi 8 desanm 2010 la. Li deklare li espere vwazen Kore di Sid yo (tou espesyalman Japon) pral pote-kole nan egzèsis sa yo, nan kad preparasyon k ap fèt pou yon repons kif-kif sizoka Kore di Nò ta lanse lòt atak nan lavni.

XS
SM
MD
LG