Accessibility links

Breaking News

Amir Muhammad Sa'id Abdal-Rahman al-Mawla, Touye Tèt li ak Fanmi-li ak yon Eksplozif


Foto Achiv: Abu Ibrahim al-Hashimi al Qurayshi, lide gwoup Eta Islamik la.
Foto Achiv: Abu Ibrahim al-Hashimi al Qurayshi, lide gwoup Eta Islamik la.

Kèk mwa apre ajan ransèyman Etazini te pouswiv lidè gwoup teworis Eta Islamik la jouk rive nan yon bilding rezidansyèl nan nòdwès Siri, Amir Muhammad Sa'id Abdal-Rahman al-Mawla, fè sote yon eksplozif, kote li touye tèt li ak fanmi-li lè fòs ameriken yo te rive sou li.

Istwa sou lanmò lidè Eta Islamik la jedi, ke otorite ameriken nan administrasyon Biden-nan rakonte, vini kèk èd-tan apre nouvèl sou yon kokenn operasyon kont teworis te premye koumanse sikile, soti nan Atmeh, yon bouk nan pwovens Idlib nan Siri, pa lwen fwontyè ak Turki.

Sa yo rakonte sou medya sosyal yo dekri elikòptè ak fòs ameriken-yo ki t-ap desann sou bilding 3 etaj la nan kad yon operasyon ki te dire kèk èd-tan, kote kèk nan istwa-yo di fòs ameriken yo te sèvi ak opalè pou fè sivil kite bilding-nan anvan yon kokenn batay ak zam te pete.

Men otorite ameriken yo, ki pa vle non yo site, fè konnen pifò lanmò ak destriksyon ki fèt yo, sa ki lakoz yo se al-Mawla, ke yo rele tou Abu Ibrahim al-Hashimi al-Qurashi, ansanm ak Hajji Abdallah, ak youn nan asistan-li-yo ki yo-menm tou te detèmine pou Ameriken pa pran-yo vivan.

XS
SM
MD
LG