Accessibility links

Breaking News

Ameriken ap Fete Sen Patrick


Yon parad pou Fet Sen Patrick, bo kote katedral Sen Patrick la sou 5em Avni, Nouyok, 17 Mas 2022.
Yon parad pou Fet Sen Patrick, bo kote katedral Sen Patrick la sou 5em Avni, Nouyok, 17 Mas 2022.

Te gen selebrasyon fèt Sen Patrick toupatou Ozetazini jodia, apre yon poz 2 zan akoz pandemi COVID-19 la.

Nan Nouyok te gen yon parad - ki se youn nan tradisyon pi ansyen vil la. Dewoulman parad sa yo bay espwa ki youn nan pandemi pi sevè Etazini janm konstate prèske pran fen.

An 2020, parad yo te pami premye evenman piblik Etazini te anile akoz kowonaviris la.

Parad Nouyok la kowenside ak reouveti vil la. Restriksyon ki te an plas ki egzije moun mete kach nen epi al pran vaksen COVID-19 la, leve kounyea.

Nan vil Chicago menm, yo te tènn rivye a vèt pou make fèt la.

Kominote nan Boston, Florid, ak Savannah, eta Joji te oganize parad tou.

XS
SM
MD
LG