Prezidan Bank Santral peyi Meksik la, Agustin Carstens , deklare peyi nan rejyon Amerik Latinn nan merite yon pi gwo reprezantasyon nan Fon Monetè Entènasyonal la.
Mesye Carstens pale konsa nan peyi Brezil kote l ap chèche sipò pou kandidati l pou pòs direktè FMI.
Bankye meksiken an rankontre minis finans Brezil la, Guido Montega, nan kapital brezilyèn nan Brasilia e li gen pou l chita-tande tou ak alatèt bank santral Brezil la , Alexandre Tombini, nan Sao Paulo jedi 2 jen 2011 la.
Lendi ki sot pase la a, minis finans fransè a Michel Lagarde te nan peyi Brezil tou kote li t ap men-nen kanpay pou menm pòs la aprè demisyon Mesye Dominique Straus-Khan mwa pase a akoz pwosè l pou abi seksuèl.