Accessibility links

Breaking News

Amerik Latin: Kolonbi ak Venezuela Retabli Relasyon Diplomatik yo


Amerik Latin: Kolonbi ak Venezuela Retabli Relasyon Diplomatik yo
Amerik Latin: Kolonbi ak Venezuela Retabli Relasyon Diplomatik yo

Prezidan kolonbyen an, Juan Manuel Santos ak kölèg venezuelyen n nan, Hugo Chavez, retabli relasyon diplomatik ant 2 peyi yo.

2 lidè yo fè anons la byen ta madi 19 out 2010 la aprè yo te fin fè chita tande. Yo te rankontre nan yon batiman stil kolonyal nan vil Santa Marta ki bay sou kòt karayib Kolonbi e kote ewo endepandans Amerik di Sid la, Simon Bolivar, te mouri.

Misye Santos di: «Nou deside retabli relasyon diplomatik nou, re-ouvri lyen kominikasyon yo pou n ka fè fas ak tout pwoblèm ki poze ant 2 peyi nou yo.»

Relasyon diplomatik yo te koupe akoz, antwòt, yon mezantant ki te pete poutèt Bogota te di kòmkwa Venezuela ap apiye rebèl gochis kolonbyen yo. Lidè venezyelyen an, Hugo Chavez, pale bò kote pa l pou l di li vle kite tout mezantant dèyè, li vle kite yo nan le pase epi travay ansanm ak nouvo prezidan kolonbyen an.

« Mwen vini isit la nan Kolonbi pou n vire paj la ; mwen menm ak misye Santos, nou fèk genyen yon dyalòg fran e sensè kote nou te abòde plizyè kesyon trè zenpotan.»

Nouvo prezidan kolonbyen Juan Manuel Santos te prete sèman samdi 7 out la. Li fè konnen li menm ak prezidan Chavez fè yon gwo pa an avan pou dirijan 2 peyi yo retabli konfyans antre yo.

XS
SM
MD
LG