Accessibility links

Breaking News

American Airlines Anile Plizyè Santèn Vòl Pandan Wikèn nan


Foto Achiv: Avyon American Airlines yo prepare pou yo dekole nan ayewopo Logan nan vil Boston, Massachusetts, 21 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Avyon American Airlines yo prepare pou yo dekole nan ayewopo Logan nan vil Boston, Massachusetts, 21 Jiye, 2021.

Ameriken Airlines anile yon pakèt vòl. Konpayi ayeryèn nan anile plis pase 900 vòl Dimanch, swa yon tyè vòl li te pwograme pou jounen an. Sa vinn fè ke American anile plis pase 1,800 vol pandan 3 jou ki sot pase yo.

Konpayi ayeryèn nan blame yon mank anplwaye ak gwo van ki tap soufle nan katye jeneral li - an palan de ayewopò entènasyonal Dallas / Fort Worth la, semèn pase a.

Southwest Airlines te gen menm pwoblèm nan sa gen 3 semèn desa. American Airlines di apepre 1,800 otès de l'èr ap tounen nan travay apre vakans yo, nan jou k ap vinn la yo. Li di li espere anplwaye omwens 600 moun anvan fen ane a.

American di tou lap anplwaye pilòt ak ajan rezèvasyon pou li ka pare pou sezon fèt la.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG