Accessibility links

Breaking News

Aktyalite Jounen an ann Ayiti nan Gran Tit Radyo yo nan Pòtoprens


2 estasyon radyo, Radyo Metwopòl (Radio Métropole) avèk RFM, kòmanse prezantasyon gran tit yo avèk nouvèl lanmò ansyen Minis Sante Piblik Peyi d Ayiti, Michaele Amédée Gédéon, ki viktim yon aksidan sou wout Pòtoprens-Okay la. Men yon rezime devlopman nouvèl la sou 2 estasyon:

Doktè Michaelle Amédée Gédéon rann dènye soupi li nan Lopital Bernard Mevs aprè yon aksidan machin sou Wout Nasyonal Nò 2 a nan jounen madi 21 out 2018 la. Ansyen prezidan Lakwawouj la, ki t ap sòti nan vil Pestèl, pa rive chape anba blese li yo malgre entèvansyon yon ekip doktè chirijyen. Aktyèl prezidan Lakwawouj la, Dr. Guyto Jean-Pierre, deklare lanmò sa a reprezante “yon pèt moun pa ka evalye,” paske, antwòt, Doktè Amédée Gédéon te “fabrike desten sosyete nasyonal la.” Radyo Pasifik FM (Radio Pacific FM) trete tou gwo pwen sa a nan aktyalite a ann Ayiti.

Radyo Vizyon 2000 (Radio Vison 2000) pale nan tit li de desizyon jounalis ki fè repòtaj sou travay palman an te pran pou yo “boykote pandan 2 jou”, (mèkredi ak jedi 22 ak 23 out 2018) “aktivite enstitisyon an pou yo pwoteste kont zak brital 2 konfrè yo te sibi nan pale lejislaif la lendi 20 out pase a.” RFM trete menm sijè a tou e li fè konnen “jounalis yo egzije pou responsab yo pran dispozisyon ki nesesè kont ajan sekirite ki te komèt zak sa yo.”

Radyo Solidarite (Radio Solidarité), menm jan a lòt medya, touche nan gran tit li yo yon sijè ki cho kou piman bouk e k ap domine aktyalite a depi plizyè jou deja: se lajan Petro Caribe a. Estasyon an pale de sa ki rele “Petrocaribechallenge”, ki ta vle di “Afè Petro Caribe a reprezante yon defi”, oubyen “Defi kont moun ki enplike nan Zafè Petro Caribe a”. Gran tit la di: <<Kanpay san pran souf la kontinye domine rezo sosyal yo. Sitwayen k ap patisipe nan “Petrocaribechallenge” la pran randevou pou vandredi (NDLD: 24 out 2018 la) devan lokal Biwo dè Kont kote yo pral denonse avoka ak lòt endividi k ap eseye bay jistifikasyon pou zak kote moun dechèpiye fon piblik.>>

Nan yon lòt nouvèl ki ratache ak menm sijè a, Radyo Solidarite pale de inisyativ plizyè òganizasyon te pran pou yo make nan semèn nan 227èm anivèsè Soulèvman Jeneral Esklav yo an 1791 (NDLD: Nan nuit 21 pou leve 22 out 1791). Radyo a di: “Oganizatè yo pale de yon nouvo soulèvman kont vòl ak koripsyon. Nan okazyon an (san dat) yo pral ekspoze sou Channmas la foto moun ki anba akizasyon deske yo te delapide lajan Fon Petro Caribe a.”

XS
SM
MD
LG