Accessibility links

Breaking News

Almay ak Kolonbi Kalifye Pou Kar de Final Chanpyona Dimond Feminen an


Almay ak Kolonbi kalifye pou kar de final chanpyona dimond feminen U-20 k ap dewoule an Almay apre viktwa yo ranpòte madi 20 jiyè a. Alman yo kalifye apre yo bat la Frans 4 a 1 pou fini nan tèt gwoup A a 9 pwen. Kolonbi, k ap selebre endepandans yo madi 20 jiyè a, kale Kosta Rika 3 a 0 pou yo fini an 2èm pozisyon ak 4 pwen menm kantite pwen ak la Frans men yon avantaj gòl diferans +1 ede Kolonbyen yo pase nan kar de final la. Nan gwoup B a Brezil danse sou Nouvèl Zeland ak yon swif 4 a 1 men yo elimine pou kar de final la apre viktwa 3 a 2 la Swèd ranpòte devan Kore di Nò. La Swèd fini nan tèt gwoup la ak 7 pwen epi Kore di nò klase 2èm ak 6 pwen.Mèkredi 21 jiyè gwoup C ak gwoup D a ap jwe dènye rankont yo. Sitiyasyon an konplike nan gwoup C a kote Meksik ak Nijerya gen 4 pwen yo chak. Japon ak Angletè genyen yon pwen yo chak. Gwoup D a Kore di Sid gen nan tèt gwoup la ak 6 pwen epi an 2èm pozisyon nou jwen Etazini ak 4 pwen. Gana genyen yon pwen epi la Swis gen 0 pwen.

FIFA ak Inyon Foutbòl Ewopeyen an menase pou pran sanksyon kont federasyon foubòl Bosni akoz responsab yo derefize chanje sistèm prezidan federasyon ki gen 3 prezidan (kwat,sèb ak mizilman) FIFA sot patisipe nan yon rankont ak espwa pou te konvenk federasyon an pou l adopte sistèm yon sèl prezidan pou yon meyè gouvènans. Se sèlman 27 delege sou yon total 60 ki vote an favè refòm nan federasyon an. Dapre règleman 2 tyè delege yo dwe vote an favè refòm nan. Otorite foutbòl mondyal yo kapab adopte sanksyon kont federasyon an an Oktòb pwochen lè komite ekzekitif FIFA ak Inyon Foutbòl Ewopeyen an ap reyini. Se nan menm rankont sa a FIFA pral diskite kesyon si wi ou non y ap adopte nouvo teknoloji pou konnen lè balon an tonbe dèyè liy gòl la.

XS
SM
MD
LG