Accessibility links

Breaking News

Luis Almagro Konfime Prezidan Moise Mande Asistans Teknik l OEA pou Rezoud Kriz la


Luiz Almagro, Sekretè Jeneral l OEA, adwat;- Prezidan Jovenel Moise, agoch.
Luiz Almagro, Sekretè Jeneral l OEA, adwat;- Prezidan Jovenel Moise, agoch.

Misye Almagro konfime demand la nan yon tweet kote li fè konnen lidè ayisyen an solisite èd l OEA nan yon rankont vityèl ki te dewoule ant li-menm ak Misye Moise. 

Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo, l OEA, Luiz Almagro, konfime ke Prezidan Jovenel Moise mande asistans teknik òganizasyon rejyonal la pou eseye rezoud kriz Ayiti ap travèse a. Misye Almagro konfime demand la nan yon tweet kote li fè konnen lidè ayisyen an solisite èd l OEA nan yon rankont vityèl ki te dewoule ant li-menm ak Misye Moise.

Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la resevwa nouvèl la nan kòmansman jounen mèkredi 17 mas 2021 an, jou kote jisteman l OEA ap òganize yon seyans sou sitiyasyon an nan Peyi d Ayiti. Rete branche sou VOAKREYOL.COM pou plis detay sou seyans sa a.

XS
SM
MD
LG