Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: 6 Gran Peyi Lanse yon Apèl pou yon Sesel-fe nan Alèp


Sekretè Deta Ameriken an, John Kerry ak Minis Zafè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov.
Sekretè Deta Ameriken an, John Kerry ak Minis Zafè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov.

Yon koalisyon Etazini ap dirije, lanse yon apèl pou yon sesel-fe touswit nan Alèp. Koalisyon an tou pwofite kondane Larisi pou jan li antre nan dosye a, dapre koalisyon an, pou l bloke tantativ pou pèmèt asistans imanitè al jwenn sivil ki an difikilte nan vil la.

Alèp ap fè fas chak jou ak bonbadman ak atak ak zam lou rejim siryen an ki gen apui Larisi ak Iran ap fè sou vil la. Nan atak sa yo lekòl ak lopital pa epanye. Olye de sa, atak yo se etablisman sa yo menm yo vize. Ekip 6 peyi yo pibliye yon kominike pou di, “Se yon bagay ki fann kè lè ou ap gade timoun kap mouri.”

Lidè peyi tankou Kanada, La Frans, Almay, Itali, Grand Bretay ak Etazini mande gouvènman Siryen an pou l aksepte plan Nasyon Zini pou Alèp la e pèmèt asistans imanitè antre nan vil la.

Rebèl siryen yo dakò ak yon sesel-fe 5 jou nan lide pou pèmèt evakyasyon sivil ki nan pati lès peyi a. Sekretè Deta ameriken John Kerry rankontre ak tokay li minis afè etranjès Ris la, Sergey Lavrov, nan vil Hamburg nan peyi Almay mèkredi 7 Desanm 2106 la.

2 diplomat yo fè plizyè rankont deja nan espwa pou jwenn yon solisyon diplomatik nan gè sivil Siri a. Sekretè Deta Ameriken an ki tap pale ak laprès jedi 8 desanm nan di gen espwa pou yon akò sesel- fe nan vil Alèp.

XS
SM
MD
LG