Doktè nan peyi Pewou di ansyen Prezidan Alberto Ken'ya Fujimori ki nan prizon sibi yon lòt operasyon pou lezyon-kansè nan lang.
Mesye Fujimori, 72 zan , sibi operasyon an lendi 21 fevrye 2011 la nan vil Lima. Pitit fil, Keiko, di operasyon te byen dewoule.
Ansyen lidè pewouvyen an te sibi yon entèvansyon menm jan-an ane pase nan mwa fevriye. Alberto Fujimori te dirije Pewou soti 1990 pou rive 2000