Accessibility links

Breaking News

Aktris Elizabeth Taylor Mouri a 79 an


Elizabeth Taylor
Elizabeth Taylor

Aktris popilè Ozetazini, Elizabeth Taylor, mouri mèkredi 23 mas 2011 la anba yon arè kadiak. Madam Taylor sot pase 6 semèn nan yon sant medikal ki rele "Cedar-Sinai Medical Center" nan Los Angeles kote doktè t ap trete l pou yon pwoblèm kè.

Elizabeth Taylor kòmanse jwe fim nan Hollywood depi l piti e depi lè a, li jwe nan plis pase 50 fim. Li te popilè tou pou bèlte l ak vi pèsonèl li ki te atire anpil atansyon poutèt li te marye 8 fwa. Madam Taylor te yon pòtpawòl nan rechèch kont sida. Pitit li yo te bò kote l lè l mouri a.

XS
SM
MD
LG