Yon zam a fe te pati pa aksidan nan pòs sekirite ayewopò Atlanta a. Yo te itilize kont Twitter ayewopò a pou te fè konnen sa ki tap pase a.
"Pa gen okenn danje pou pasaje oswa anplwaye yo," e yon ankèt deja tanmen.
Te gen anpil monte desann nan ayewopò a. Vwayajè yo tap chache kote pou yo kapab kache, men sitiyasyon an te tounen nòmal byen vit.
Ayewopò Atlanta a pa t presize ki kalite zam li te ye, pou ki moun zam lan te ye, ni si ensidan an te deranje vòl yo.
Èpòt Etazini yo ap trèz okipe nan fen semèn sa avek fèt "Thanskgiving" (Aksyon de Gras) lan, yon fèt ki trè popilè nan peyi Etazini.