Accessibility links

Breaking News

Aksidan Migran Nan Meksik : Gwatemala Deklare 3 Jou Dèy Nasyonal


Votive candles are pictured at the site of a truck accident in Tuxtla Gutierrez
Votive candles are pictured at the site of a truck accident in Tuxtla Gutierrez

Pedro Brolo ki se Minis Afè Etranjè peyi Gwatemala, te anonse ke Gwatemala pral deklare twa jou dèy apre lanmò 55 imigran ilegal nan peyi Meksik, Majorite migran ki te viktim nan aksidan kamyon an soti nan peyi Gwatemala.

Devan yon lopital nan Tuxtla Gutiérrez, nan sid Meksik, kote yo toujou ap trete viktim ki te blese nan aksidan an, minis Brolo te di laprès Prezidan Alejandro Giammattei "pral anonse jodi a twa jou dèy nasyonal e drapo ap monte a demi ma".

Apeprè 160 imigran, ki soti nan peyi Amerik Santral yo, t ap vwayaje nan yon trelè kamyon jedi sou wout nò nan peyi Meksik, objektif migran sa yo se te direksyon fwontyè Ameriken an, Kamyon an te chavire sou gran wout la.

Daprè otorite Meksiken yo, 55 moun te pèdi lavi ak 105 blese, majorite migran yo soti nan peyi Gwatemala, pami yo tou genyen ki te soti nan peyi Ondiras, Ekwatè ak Repiblik Dominikèn.

XS
SM
MD
LG