Accessibility links

Breaking News

Ann Ayiti, "205 Aksidan Machin ak Moto Fèt Sou Wout yo" Depi Vankans Dete yo Kòmanse


Kèk jou aprè Wo Eta Majò PNH (Polis Nasyonal d Ayti) avek kòmandan Michel-Ange Gédeon nan tèt, te konparèt devan Komisyon Sekirite ak Jistis Sena a pou reponn kesyon sou “efò k ap fèt pou amelyore sekirite a sou wout peyi a, yon enstitisyon espesyalize pibliye yon rapò ki fè konnen li anrejiztre anviwon 205 (de san senk) aksidan depi sezon vakans dete a te kòmanse. Ensititisyon sa a se Oganizasyon Sèvis Teknik ak Operasyonèl pou Anpeche Aksidan (STOP ACCIDENTS). Repòtè Woovins Saint Phard, ki ekri pou jounal an-liyn Le National, jete yon koudèy sou rapò a.

Daprè rapò a, sòti nan dat 29 jen pou rive nan dat 19 out 2018 la, STOP ACCIDENTS konte 205 aksidan sou wout piblik yo; yo fè 303 viktim, pami yo te gen 78 moun ki mouri tou swit tandiske 425 lòt te blese. Pou peryòd 29 jen-premye jiyè a, te genyen 74 viktim –pami yo te gen 16 fatalite sou plas tandiske kantite blese yo sete 58 pou 21 aksidan. Ant 2 ak 8 jiyè, STOP te konte 9 aksidan kite fè 13 viktim; yo tout se moun ki te blese, pa t gen lanmò.

Sou kantite mò STOP anrejistre jiskela pandan sezon vakans la, 62% -swa 49 nan yo- sete viktim aksidan machin, tandiske se aksidan motosiklèt kit e lakoz rès la, swa 37,2 % … Kanta pou blese yo, aksidan machin te koze 208 ldan yo tandiske 217 moun te blese nan aksidan motosiklèt. Repòtè Woovins Saint Phard atire atansyon sou sa li konsidere kòm yon bès nan kantite aksidan yo pandan mwa out la; sepandan an jeneral estttistik STOP ansbel jiskela montre chif pou viktim yo pa sispann ogmante sou wout piblik yo nan peyi d Ayiti.

XS
SM
MD
LG