Accessibility links

Breaking News

Akò Rekonsilyasyon ant 2 Pati Politik nan Pakistan


Prezidan otorite palestinyen an Mahmoud Abbas adwat ak and Premye minis Palestinyen an Ismail Haniyeh pou pati Hamas la agoch (foto achiv)
Prezidan otorite palestinyen an Mahmoud Abbas adwat ak and Premye minis Palestinyen an Ismail Haniyeh pou pati Hamas la agoch (foto achiv)

Lidè gwoup palestinyen Fatah ak Hamas ap prepare pou yo siyen yon akò rekonsilyasyon nan peyi Ejypt mèkredi 4 me 2011 la nan moman Izrayèl bay La Grand Bretay ak La Frans yon Pinga pou yo pa apiye akò sa a.

Prezidan palestinyen an, Mahmoud Abbas ak chèf Hamas la, Khaled Meshaal rive nan vil Lekèr pou seremoni siyatu akò a ki fèt pou ini gouvènman rival yo nan Sis-Jodani ak Gaza.

Plan sa a mande fòmasyon yon gouvènman pwovizwa palestinyen epi pou gen eleksyon prezidansyèl e lejislativ nan 1an.

Pandansetan, premye minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu a tokay britanik li a, David Cameroun ap fè chita-tande nan men dat 4 me a. Nan pita, li pral rankontre ak prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy.

XS
SM
MD
LG