Accessibility links

Breaking News

Akò ant Prezidan Obama ak Prezidan Calderon


Prezidan ameriken an Barack Obama ak Prezidan Meksiken an Felipe Calderon
Prezidan ameriken an Barack Obama ak Prezidan Meksiken an Felipe Calderon

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ak prezidan meksiken an, Felipe Calderon, fè konnen yo dakò pou ranfòse kowoperasyon ant 2 peyi yo nan entansyon pou konbat katèl dwòg k ap opere sou teritwa Meksik la.

Nan yon konferans pou laprès 2 lidè yo bay ansanm nan lamezon blanch jedi 3 mas 2011 la, Prezidan Obama di mesye Calderon demontre aklè li pa pote pantalon pou bèl twèl nan lit l ap men-men kont bawon dwòg nan peyi li a.

Lidè ameriken an di tou Lèzétazini aksepte pou l partaje responsablite a pou zak vyolans moun ap komèt nan Meksik yo.

Mesye Obama kontinye pou l di : "Lèzétazini ap akselere efor pou antrene epi ekipe fòs meksiken e degaje l kou mèt Jan-Jak pou redui demand pou dwòg Ozetazini, nan moman Lèzétazini ap konbat aktivite zam ak lajan k ap fèt nan direksyon Meksik.

XS
SM
MD
LG