Accessibility links

Breaking News

Etazini-Ajantin: Prezidan Barack Obama Rive sou 2èm e Dènye Jounen yon Vizit nan Buenos Aires


Prezidan Barack Obama ak lidè Ajantin nan, Mauricio Macri, pandan yo te fèk rive nan Sant Kiltirèl Kirchner la pou yo dine deta nan kad vizit 2 jou Prezidan Obama ap fè ann Ajantin. (Foto: Buenozè, 23 mas 2016).
Prezidan Barack Obama ak lidè Ajantin nan, Mauricio Macri, pandan yo te fèk rive nan Sant Kiltirèl Kirchner la pou yo dine deta nan kad vizit 2 jou Prezidan Obama ap fè ann Ajantin. (Foto: Buenozè, 23 mas 2016).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, trouve li depi mèkredi 23 mas 2016 la nan peyi Ajantin kote li rankontre avèk tokay li, Mauricio Macri, epi lòt manm gouvènman ajanten an. Nan on seremoni ki te dewoule pou swete Misye Obama byenveni, Prezidan Macri te di kijan li apresye vizit sa a. Lidè ajanten an di:

“Vizit sa a, Misye Prezidan, genyen yon siyifikasyon espesyal. Nou entèprete li kòm yon jès afeksyon, yon jès amitye. Ou fè vizit sa a nan moman Ajantin ap kontanple yon orizon tou nèf; nan moman nap pote chanjman nan peyi sa a. “

2 koup prezidansyèl yo : Misye ak Madanm Obama (a goch), Misye ak Madanm Macri (adwat).
2 koup prezidansyèl yo : Misye ak Madanm Obama (a goch), Misye ak Madanm Macri (adwat).

Nan yon dine ofisyèl Prezidan Macri ak madanm li, Juliana Awada de Macri, te ofri nan lasware pou Misye Obama ak madanm li, Michelle, lidè ameriken an fè konpliman pou efò Ajantin fè pou l repran plas lidè li non sèlman nan sou-kontinan latino-ameriken an, men tou nan lemond. Prezidan Obama deklare:

“Mwen twouve m isit la nan Buenos Aires, Misye Prezidan, paske lemond pran nòt de fèm volonte ou montre pou w fè Ajantin repran kontak dirèk e sere avèk kominote entènasyonal la ak dispozisyon ou pran pou Ajantin okipe ankò pozisyon lidè mondyal li te toujou okipe istorikman. E se yon bagay nou apresye anpil-anpil.”

Nan fen jounen mèkredi a, koup pezidansyèl Lèzetazini an te patisipe nan yon espektak kiltirèl kote Mesye ak Madam Obama te danse tango ki se dans nasyonal Ajantin nan. Prezidan Obama ap fè vizit sa a nan moman Ajantin ap make 40èm anivèsè koudeta militè ki te mennen yon jent sou pouvwa a --jent ki tonbe anba akizasyon deske li te komèt anpil abi dwamoun. Prezidan Obama genyen pou l vizite jedi yon mozole ki onore viktim diktati brital ki te dirije Ajantin nan ane 70 yo.

XS
SM
MD
LG