Accessibility links

Breaking News

Ajanten yo an Dèy Akoz Lanmò Ansyen Prezidan Nestor Kirchner


Plizyè milye ajanten reyini nan plizyè ri nan kapital Ajantin nan Buenos Aieres pou rann omaj a ansyen prezidan ajanten Nestor Kirchner ki mouri ak yon kriz kadyak mèkredi 27 oktòb 2010 la.

Sitwayen yo, ki trist , te kòmanse reyini bonè maten an devan palè nasyonal la kote kadav ansyen prezidan an pral ekspoze.

Madan defen an Cristina Fernandez de Kirchner, aktyèl prezidan Ajantin ki te nan Sid peyi a retounen kapital la maten an.

Gouvènman an dekrete yon dèy 3 jou an memwa msye Kirchner ki te dirije peyi a soti 2003 pou rive a 2007.

XS
SM
MD
LG