Accessibility links

Breaking News

Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la – AEEA- Akize Siri


sit nikleyè Siri
sit nikleyè Siri

Ajans Nasyonzini ki la pou siveye aktivite nikleyè a travè lemond (Ajans Entènasyonal Enèji Atomik la – AEEA) vote pou l denonse devan Konsèy Sekirite aktivite peyi Siri ap mennen an kachèt pou l konstui yon reyaktè nikleyè, yon fason pou Konsèy la chache wè si gen rezon pou l pran sanksyon kont Siri.

Jedi 9 en 2011 la, konsèy direksyon ki nan tèt AEEA a te rale zòrèy Siri poutèt li bloke efò ajans la ap fè depi 3 zan pou enspektè li al vizite yon enstalasyon ki tou prè kapital Siri a, Damas, mennen ankèt sou li e chache ranmase enfòmasyon sou aktvite k ap dewoule ladan n.

Izrayèl te kraze enstalasyon sa a an 2007. Daprè enfòmasyon sekrè Lèzetazini bay, enstalasyon an fèk ap konstrui gras ak teknoloji peyi Kore di Nò mete a ladispozisyon Siri, e objektif li se pwodui plitonyòm ki ka sèvi pou konstrui bonm.

XS
SM
MD
LG