Accessibility links

Breaking News

Ajan Ameriken Pral Rankontre 3 Madanm Defen Oussama Bin Laden Pou Poze yo Kesyon


Oussama bin Laden (AP Photo)
Oussama bin Laden (AP Photo)

Otorite Ameriken yo fè konnen anvan lontan gouvènman pakistanè a pral pèmèt anketè ameriken rankontre ak 3 madanm defen Oussama Bin Laden pou poze yo kesyon.

3 medam sa yo te avèk lidè rezo teworis al-Kayda a lè yon kòmando sòlda delit fòs zame Lèzetazini te touye l semèn pase a nan Pakistan –pi presizeman nan dat 2 me 2011 la.

Depi lè sa a medam yo twouve yo anba men otorite pakistanè yo. Daprè otorite ameriken yo, rankont sa yo --menm jan ak prèv yo te jwenn nan kay kote Bin Laden te kache nan vil Abbottabad la-- byen kapab bay detay enpòtan sou al-Kayda.

Otorite yo nan La Mezon Blanch ak gouvènman pakistanè a pa fè okenn deklarasyon piblik sou akò yo jwenn nan sans sa a.

Toujou sou dosye sa a, Lendi 9 me 2011 la otorite ameriken yo fè konnen ajans ransèyman Lèzetazini an (CIA) pa gen okenn entansyon pou l wete nan Pakistan chèf biwo sèvis sekrè li nan kapital peyi sa a, Islamabad, aprè laprès pakistanèz te pibliye swadizan non moun sa a nan yon repòtaj semèn pase a.

Daprè otorite yo, non laprès bay la se pa non chèf biwo sèvis sekrè a. Sepandan, yo panse se ekspre laprès pakistanèz fè lè li mete non an deyò, aprè kesyon te kòmanse poze pou mande kijan Bin Laden te fè viv nan Pakistan pandan tout tan sa a san lame peyi a oubyen sèvis sekrè pakikstanè a pat okouran.

XS
SM
MD
LG