Accessibility links

Breaking News

20èm Konferans Entènasyonal sou SIDA ap Dewoule nan Melbourn, ann Ostrali.


Direktè Ekzekitif ONUSIDA Malyen Michel Sidibe pandan yon konferans pou jounalis ansanm ak Prezidan Sosyete Entènasyonal kont SIDA, fransèz Francoise Barre-Sinoussi (agoch) avèk ko-prezidan filyal sosyete a nan Melbourne Brent Allan (Foto 20 jiyè 2014.)
Direktè Ekzekitif ONUSIDA Malyen Michel Sidibe pandan yon konferans pou jounalis ansanm ak Prezidan Sosyete Entènasyonal kont SIDA, fransèz Francoise Barre-Sinoussi (agoch) avèk ko-prezidan filyal sosyete a nan Melbourne Brent Allan (Foto 20 jiyè 2014.)

Ekspè ki sòti nan prèske 200 peyi reyini nan vil Melbourn, an Ostrali, depi dimanch 20 jiyè a pou yo patisipe nan 2èm Konferans Entènasyonal sou SIDA a kap fini 25 jiyè. Nan konferans sa a espesyalis yo gen pou yo pale de pwogrè ki fèt nan rechèch sou epidemi an depi yo te dekouvri viris ki bay SIDA a nan kòmansman ane 80 yo. Anviwon 12 mil delege reponn prezan nan Mèlbourn –pami yo genyen savan, militan, ak moun kap viva k maladi a oubyen viris ki bay li a. Tèm diskisyon yo gen ladan yo "konpòtman lasosyete vizavi SIDA ak VIH/SIDA, epi mwayen pou yo akselere rezilta rechèch sou prevansyon ak tretman."

Nan seremoni ki inogire konferans la nan jounen dimanch la, Prezidant Sosyete Entènasyonal SIDA a, Françoise Barre-Sinoussi, te mande yon moman silans kòm yon omaj pou 6 delege ki te nan avyon malezyen ki tonbe sou pati lès peyi Ikrèn semèn pase a, yon ensidan ki touye 298 moun. Chèchè olandè byen koni Joep Lange –ki se yon ansyen pezidan Sosyete Entènasyonal SIDA a-- avèk pòtpawòl Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS), Glenn Thomas, twouve yo pami viktim yo. Yon kolaboratris Misye Lange, Jacquelin van Tongeren, te nan avyon an tou. Pami lòt viktim yo genyen : Pim de Kuijer, ki se manm òganizasyon « Bloke SIDA Kounyela a », epi Lucie van Mens ak Maria de Schutter, 2 manm Aksyon Kont Sida ann Ewòp.

Klike sou « Koute » pou w swiv yon repòtaj anvwaye espesyal Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la, Marie Luce Pierre, depi Ostrali.

XS
SM
MD
LG